"Louis Jean Beaugé" (Haïti Music ðŸ‡ðŸ‡¹)
Haiti Music
Louis Jean Beaugé se te yon figi enpòtan nan istwa d Ayiti se nan vil Jeremi li pran nesans, yon militè, ekriven, powèt, Direktè lise nan ane 1960 yo. Li te kontribye anpil nan devlopman ideyoloji nasyonal la pandan 20yèm syèk la. Beaugé te yon entelektyèl angaje, ki te ekri plizyè tèks sou lavi sosyal, politik ak idantite pèp Ayisyen an.
Nou pa ka pa pale de karaktè sitwayen sa ki se te youn nan kalite ki fè anpil moun sonje l e toujou itilize non li pou montre pwofil yon moun ki sevè, ke tout sa l di se sa. Louis Jean Beaugé se te yon vodouyizan ki pa t janm nan rans ak moun.
Istwa sila rapòte pa manm fanmi li k ap viv Ottawa nan peyi Kanada. Jodi a, non Louis Jean Beaugé rete makonnen ak batay pou konsyans Nasyonal, respè kilti pèp la, ak refleksyon pwofon sou avni Ayiti.
#Retro #KDJuil2025 Original Post 👇👇👇
https://haitimusic1.wordpress.com/2025/08/18/louis-jean-beauge/
18 Août 2025 à 03:16:39 AM
































































